NOUVELLE DERNIÈRE HEURE
*TREN JOVENEL LA PASE SOU Me DORVAL EPI TOUT MOUN STIL POZE.MESAK AYITI A*
Atansyon pa kapon, paske prezidan Jovenel gen 2 men de fè. Youn kise Lapolis pou arete moun li pa oubyen poko deside touye tankou janl fèl pou Arnel BELIZAIRE ak maspinen militan Politik kap manifeste pou mande chanjman ak depal... e yon lòt kise G-9 pou egzekite tout moun ki daprè li menm bare tren an janl fèl pou pwofesè ou batonye Monferrier DORVAL. E se la tou wap konprann sans G-9 e alye a paske Lapolis la ak G-9 depi kèk tan devni 2 bon alye. Si yon polisye pa fè maspinen pèp pou Jovenel lap fè G-9 touyew, e si yon gang trayi G-9 lap fè Lapolis aretew, seyon angajman.
Pa janm bliye depi prezidan pale de blokaj, li pale de SOGENER paske pou li se moun Vorbe yo ki fèl pa reyalize teleferik li te pwomèt, manje ak tout fo pwomès li te fè popilasyon an tankou kouran 24/24 kotel pran santral SOGENER ki te konn pwodwi kouran yo kise VARE 1 ak 2 a 56 MW pa jou e kraze yo kote VARE pase de 56 MW a 7MW/Jou. Ebyen menm SOGENER li te vle fè pase pou responsab echèk li a se DORVAL kite avokal..anplis DORVAL te di pagen eleksyon san yon nouvèl konstitisyon plis refi li kòm batonye pou te dezinye moun nan KRÈY ELEKTORAL PREZIDANSYÈL la(KEP), e sa fè batonye a otomatikman parèt kòm yon obstak e tren an pase sou li.
E Jovenel tèlman vle montre ke se yo nan Palè ki asasinen DORVAL, li fè presyon sou fanmi an pou fè anterel avanlè rapid rapid, e menm jou Jedi li fè fanmi an antere batonye a, li solisite èd FBI paskel fin detwi kò a.... e menm jou fineray senbolik bawo a òganize pou batonye a, Jovenel MOÏSE pibliye arete pou nome yon KEP ke DORVAL pat aksepte, ankò mwens ak misyon pou fè referandòm pou yon lòt Konstitisyon ke Dorval pat vle konsa.
Donk, aprè egzekisyon an seri sa yo, a chans moun kap tonbe aprè DORVAL la poko tonbe ? Lis egzekisyon an sou poz ? Sa ki pi bèl la tout sitwayen ap tann kilè yap rantre vin asasinen yo san revòlte pou di NON malgre premye eleman ankèt DCPJ yo montre aklè
