ISTWA BANDI "VILAJ DE DYE" DE 2001 A 2021 YON FASON BRÈF.
👉 Ki kote bagay sa sòti ?
👉 Ki rezon ki fè l vini ?
👉 Kisa li anjandre ?
👉 Konbyen viktim ki fèt ?
👉 Konbyen Chèf Vilaj la pase?
👉 Ki responsablite leta nan sa?
👉 Kijan yo ka desitire l?
TÈKS LA LONG, MEN SE INIK OPÒTINITE POU OU GEN DETAY SOU SA VILAJ DE DYE VIN TOUNEN AN.
• CHAPIT 1 - BRÈF ISTORISITE
Nou nan ane 1998, zòn nan te gentan egziste depi kèk ane avan, te plen moun abite la. Yo rele li "SITE DE DYE" ou KOSOVO, se an 2003 non an ta pral chanje an VILAJ DE DYE.
Yo chanje SITE DE DYE an VILAJ DE DYE paske yap evite pou non zòn lan pa sanble ak SITE SOLÈY, koz an 2003 site solèy te malouk anpil, moun yo di depi ou wè site, ou wè kote kap donnen vòlè.
Nou an 2000, anpil sitwayen nan anndan fon zòn lan ap mache chache moun deyò pou vann yo tè pou tikal kòb, men tè yo se mare labou ke moun ki achte l la dwe achte ranblè mete sou li.
Biznis lan ap mache, zòn lan kòmanse gen moun, zòn lan kòmanse konstwi.
Ane 2001, yon sitwayen yo rele GÉRARD fè kouran rive nan fon Vilaj la, se pwent lan sèlman ki te gen kouran.
• CHAPIT 2 - PREMYE VIKTIM
Fen 2002 yo touye yon sitwayen yo rele ALEXIS ak 2 bal, se la tou, perèz kòmanse pran abitan ki nan zòn lan. Men lanmò a se ta yon regleman kont ki pa gen rapò ak zòn lan.
• CHAPIT 3 - KI ORIJIN BANTISM LAN
Mitan 2003, nan eleksyon pou kouran nan zòn lan gen 2 katouch ki tire. Enkyetid la vin pi fò toujou.
ALÒ KISA KI ELEKSYON POU KOURAN AN?
Se ke nan zòn lan okenn kay pa gen kontè, chak moun gen yon priz kouran, gen yon responsab ki la pou touche nan men moun li vle chak mwa. Epi lap peye EDH chak 3 mwa. Bagay sa gen anpil kòb ladan l, se sa ki fè chak 2 zan yo dwe fè eleksyon pou konnen kiyès kap prezidan kouran an.
Pandan Djwed Wilmé ap bay pwoblèm nan site Solèy nan zòn bwa nèf, pèp site solèy ap kouri al refijye yo kote yo jwenn, anpil tante vini nan Vilaj de Dye, men moun nan vilaj la pa dakò. Yo mete kanpe yon bagay ki rele "BRIGAD" pou siveye ke enkoni pap antre pou vin gate zòn lan. Chèf brigad la te rele JEAN RONALD, dezyèm Chèf la te rele TIBA.
E SE NAN ZAFÈ BRIGAD LA TOUT BAGAY PRAL KÒMANSE.
Dabò nou dwe konnen VILAJ DE DYE divizye an 6 gran blòk :
1- Bèl antre
2- Do mòn
3- Bwatchèn
4- Ti site
5- Redanmtè
6- Bò lanmè
Se bò lanmè ki te katye jeneral brigad la, epi lòt blòk yo pat twò antre nan lojik brigad la, men brigad la te derape an pwisans, yo gen kontwòl Vilaj la. Pafwa yo oblije fè vyolans, bat moun pou etabli otorite yo. Moun nan lòt blòk yo te kòmanse wè moun bò lanmè kòm ennmi tou.
Fen 2003, manifestasyon kont Jean Bertrand Aristide la rèd anpil, akoz panik jeneral ki gen nan Peyi a, yon gwoup 5 a 6 bandi vin syeje nan pwent Vilaj la nan blòk DO MÒN, yo vin gen nan tèt yo kòm chèf yon pitit DO MÒN ki se WIDMAY (youn nan pi gwo bandi Ayiti pase).
Akoz se WIDMAY ki Chèf nèg ki antre yo, tout brigad ak lòt moun bò lanmè oblije lage nan mawon paske brigad yo te bat fanmi WIDMAY nan mwa pase yo.
Gwoup WIDMAY la kòmanse ap grandi, anpil bandi te sòti site solèy vin ba yo rafò oubyen pou vin kache paske lapolis pat vrèman okouran de sa kap pase Vilaj la, pami bandi yo te gen : Bèf, Evens, Vanndam...
Bandi yo gen kontwòl Vilaj la. Epi se lè sa tou non zòn lan kòmanse ap site nan radyo tou piti, men jounalis yo jis di BISANTNÈ.
4 janvye 2004 lapolis mennen yon operasyon yo arete plizyè bandi, men WIDMAY sove sou yo. (Aprè WIDMAY fin kidnape yon sitwayen Fransè devan anbasad Lafrans lan menm, anpil tan pa pase yo pran l.) Yo voye l nan prison Etazini.
Fen Fevriye 2004, Aristide ale, Minustah vini, depi nan mwa mas Minista retabli lòd, yo mete tout bandi deyò, yo fè tout moun retounen lakay yo.
2005 se te yon bèl ane pou Vilaj la, lapè total, anpil moun te achte siman nan dechoukay koudeta Aristide, moun yo kòmanse konstwi anpil kay, yap pouse lanmè a, yap fè tè yap konstwi. Anpil basen dlo konstwi paske zòn nan te gen pwoblèm dlo.
Vin gen yon deblozay pete pou koze kouran sa ankò, nèg yo retounen avèk BAGAY BRIGAD la ankò. Se toujou menm Chèf yo JEAN RONALD & TIBA, men fwa sa yo vin pi ranfòse, yo gen zam kounya, lontan se te manchèt, epi yo vin pi vyolan. Epòk la se swa ou nan mitan brigad yo oubyen ou pè yo ou fè silans.
Nèg brigad yo fè anpil dega an silans, vrèman vrèman anpil Dega. Yo se mèt e senyè.
👉Ou nan kont ak madanm ou se yo ki pou jije
👉Ou vòlè yon poul se yo kap deside èske wap viv,
👉Chak kou yo antre avèk yon moun yo di se toutè, depi lide yo di yo wap pran kou oubyen ou mouri.
👉Rimè fè konnen depi brigad la deyò lannwit tout sa yo kwaze se kadav.
Ane 2008, gen yon patwouy 12 sòlda Minustah kwaze avèk 13 nèg brigad a 1 nè nan maten, anpil brigad kouri, men Minista arete 8 nèg, yo jwenn yo avèk zam Kreyòl, yon fizi douz, plizyè manchèt ak bout baton.
Kou li fin jou nèt, rès brigad ki te rete yo egzije sitwayen nan VILAJ la al fè manifestasyon pou moun yo arete yo. Vrèman, pèp la sòti an mas, yo al fè bri devan pakè pou liberasyon nèg yo, yap di se nèg yo kap veye sou yo et que nèg yo pa kriminèl. Anpil 3 jounen mobilizasyon sa pran souf nèg yo reyisi libere.
Aprè liberasyon spektakilè sa, nèg yo vin santi yo WA😂😁😀 yo vin sou do pye papa m paske li pat nan manifestasyon an pandan tout 3 jou yo, se yon sèl jou li te la. Mwen pap rete sou istwa sa, men tout moun lakay mwen sòt, NOU PA JANM PÈ MOUN 😈 Papa m vekse yo fè yo konnen yo pa chèf epi bagay la rete la.
Nèg brigad yo retounen tankou EWO, pouvwa yo vin ogmante, yo lanse pwosesis rekritman pou moun vin enskri nan brigad, ou kwè koze🤔😁😂 Yo envite brigad site solèy la vin jwe match foutbòl avèk yo. Yap selebre, yap fè parad, yo santi yo wa.
Men nan tout bagay sa yo, se tankou lapolis, leta pa konn egzistans Vilaj la, se "rarement" yon bakòp Minustah rantre nan VILAJ la. E nèg brigad yo retounen pou pi rèd nan fè dezòd toujou.
• Plizyè fwa yo pral touye jèn gason di yo se vòlè, se papa m ki pran moun yo
• Plizyè fwa yap antre nan diskisyon fwaye, jèn gason kap goumen, timoun, diskisyon mennaj.
YO SE SÈL "JUGE POUR TOUT"
TAN YO PASE VIT💨🏃🏃🏃🏃
12 JANVYE 2010
Tranbleman de tè pase, prizon kraze
• Evens (Gran frè WIDMAY)
• Timal (bandi sou WIDMAY)
• Ti fredi (bandi sou WIDMAY)
Yo jwenn ak yon sitwayen ki rele
ARNEL JOSEPH (viktim Brigad)
CHAVANNES (viktim brigad)
Yo deside abite ansanm epi fè lapè ak brigad nan VILAJ la. Men Anèl ak Chavannes ta pral oblige mawon paske nèg brigad yo ap chache l pou touye yo.
11 MWA PITA (Desanm 2010)
Anèl touye ak men l JEAN RONALD (Chèf brigad la) li ba li plis pase 30 katouch
A SWIV...
2ÈM PATI A
SÒTI NAN ANÈL 2011 RIVE NAN IZO 2021
SE VOLIM PATAJ KA DI ÈSKE MWEN MÈT PATAJE RÈS LA

