Saturday, August 29, 2020

Me Monferrier Dorval youn nan avoka SOGENER yo

NOUVELLE DERNIÈRE HEURE

Me Monferrier Dorval (youn nan avoka SOGENER yo) pwononse gwo pawòl nan nan emisyon Panel Magik yè vandredi maten an. Menm vandredi a nan aswè nèg ak zam masakre l ak bal nan paking lakay li pèleren 5 (katye kote Jovenel Moise abite a). Me Dorval te chèf Lòd Avoka yo nan Pòtoprens.

 

Tuesday, August 25, 2020

LA FERME DE YOURI LATORTUE A MELIER ( Leogane) DANS LE DEPARTEMENT DE L'OUEST.

NOUVELLE DERNIÈRE HEURE

LA FERME DE YOURI LATORTUE A MELIER QUI ÉTAIT inaugurée  LE 18 MAI 2019, EST LE PREMIER DANS LE CARAIBES SELON YOURI LATORTUE.

L’économie haïtienne de nos jours est en poids de déclin, de crise aiguë et de disparition totale. Cette situation nous rend perplexe et incapable de soutenir les plus vulnérables.

Elle nous rend de plus en plus impuissants lors que nous avons des hommes aux premiers rangs de l’économie qui n’investissent que dans l’importation, causant par la suite la dévolution de l’agro-industrielle et mettant à la baisse la monnaie haïtienne face au dollar américain.

Face à cette disparition de l’économie haïtienne, il faut avoir des hommes intrépides comme le Sénateur Youri LATORTUE pour implanter une ferme agricole située à Leôgane, très loin de sa ville natale, avec le plus grand hangar industriel de pondeuses en Haïti. Un courage d’abord pour changer la situation de plus d’un mais aussi un courage d’intelligentsia pour éviter à tout prix l’échec car nos échecs seront l’échec d’un plan sociétal. Cette ferme est le fuit de la volonté et de la résistance d’implanter un leadership d’action réelle en Haïti, par conséquent, le début n’était pas facile.

En 2015 avec l’acquisition du terrain nous a été la démarche la plus dure. La  ferme latortue se trouve sur 20 carreaux de terre melier.

Heureusement !

en 2016 la ferme a été inaugurée avec trois hangars de pondeuses.

Puis en 2017 nous avons pu lancer le plus grand hangar industriel en Haïti avec un prêt de soixante-dix millions de gourdes (70,000,000) de l’ONA;

En 2019, désormais nous avons la capacité de produire plus de de 100 000 œufs par jours grâce à l’inauguration d’un hangar hautement moderne. A côté de bravoure et de capacité intellectuelle Haïti a besoin d’amour et d’intelligentsia.

Cet amour se traduit dans la capacité de travailler dans la Terre aimée, d’où l’importance de l’agriculture pour nourrir le peuple en aidant à remonter l’économie haïtienne.

Nous vous invitons à investir massivement dans la production nationale et Haïti sera un pays véritablement en action comme nous le prônons .

Gresye sou dlo

NOUVELLE DERNIÈRE HEURE  

Zon réserve nan komin gresye inonde paske moun yo konstwi sou wout dlo a kote meri yo kap bay pèmi pou konstriksyon kay men rezilta yo 


 

Saturday, August 15, 2020

PREZIDAN Jovenel Moise salye depa Mm Celima Dorcély Alexandre

NOUVELLE DERNIÈRE HEURE 

 

Prezidan repiblik la, Jovenel Moïse salye depa Celima Dorcély Alexandre, madanm ansyen prezidan provizwa a , Boniface Alexandre. jou ki te 15 out 2020 an nan yon mesaj li poste sou kont twitter li chèf leta a salye memwa madam Célima Dorcély e prezante kondoleyans li bay fanmi an nan yon mesaj li te adrese an fransè. " je salue la mémoire de Madame Célima Dorcely Alexandre, épouse de l'ex-président de la république Me Boniface Alexandre

Thursday, June 11, 2020

Mesaj pou anseyan ak otorite nan Leta a

NOUVELLE DERNIÈRE HEURE

*Flash!   Flash!     Flash!*

*Mesaj pou anseyan ak otorite nan Leta a*

Lèn konsidere lè yo te apèn ajiste salè anseyan to enflasyon te 11.20% dola ameriken an te 69 goud. Pwof primè te touche 7 dola ameriken  pa jou jodia li pase a 4 dola ameriken pa jou.Pwof segondè te touche 13.52 dola ameriken Pa jou jodia li pase a 8 dola ameriken pa jou akoz dola a pase a 114 goud 

Lèn konsidere Tout otorite leta yo si se pat devan yon pwofesè yo te pase se ranni yo tap  ranni yo pa tap ka pale byen.

Lèn konsidere ke se pa nan pak zannimo otorite yo te pase men se lekol devan pwofesè.

Lèn konsidere to enflasyon an ki plis pase 29 % 
Lèn konsidere dola a ki pa sispann monte (114g)

Lè  konsidere lavi chè a.

Lè n konsidere move kondisyon travay anseyan ak kantite depans yap fè pou peye transpò.

Lèn konsidere pri transpò yo monte ak pri tout pwodui poutan yo pa janm revize salè anseyan yo

Lè n konsidere pitans yo bay abseyan yo  ki vini chak 45 jou

Lè n konsidere mepri leta anvè pwofesè poutan se pa bèt ki te fòme yo.

Lèn konsidere kantite lajan Kap gagote nan MENFP pou satisfè patwon pou yo ka konsève  djob.

Lèn konsidere nan Pak nasyonal edikasyon MENFP te sinye nan lane 2011 bidjè edikasyon kote griy salaryal 50 000 goud kòm salè de baz  tap antre an aplikasyon

Lèn konsidere polisye jwenn ajisteman paske se yo ki gen zam pou fè represyon ak eleksyon.

Lèn konsidere 10 lise Referans gouvènman sa a te pwomèt pèp la ak lajan palman ki pa janm fèt.

Lèn konsidere gouvènman an gen plan pou kraze lekol pèp la pou kenbe pitit pèp la analfabèt pou se pitit pa yo ki nan peyi etranje ka toujou vin dirije nou.

Lèn konsidere kantite anseyan ki gen lèt ki pa ka touche ak sa ki nan klas ki poko nome.

Lèn konsidere sibvansyon yo tap bay lekol prive ki tounen yon blòf.

Lèn konsidere enjistis sosyal la ki enòm anpil kote yo kenbe anseyan nan kras epi yap mande èd sou do yo.

 Teni kont de Atik 35.5 nan konstitisyon an ki di:Tout anseyan dwe gen yon salè ki jis

Teni kont salè anseyan ki pa jis paske li pa  janm  ajiste an fonksyon de kou lavi a.



Anseyan deside, nan tout nivo nan leta a, pap gen lekòl, pap gen egzamen bakaloreya, si leta pa bay ajisteman  menm jan li bay polisye yo.

Anseyan egzije yo peye yo chak fen mwa, zafè chak 45 jou a yo pa ladanl ankò.

Yo egzije avantaj sosyal, aksè a bon kredi.

Anseyan mande bon kondisyon travay nan lekòl yo ak aplikasyon griy salaryal ak yon salè de baz 75 000 goud.

Anseyan  mande materyèl nan lekòl yo paske lekòl pa fèt ak zong.

Anseyan reklame kafeterya nan lekol yo paske moun grangou pa nan kondisyon pou aprann

Yo mande nominasyon tout etidyan ki fin fè Lekòl Nòmal oubyen lòt fakilte ki bay bon fòmasyon sou fè lekòl, sistèm nan bezwen ranfòse.

Yo mande fòmasyon kontini pou tout moun nan sistèm nan, sa k ap pèmèt yo pi pwodiktif ak plis efikas

Si gen pou youn, dwe gen pou tout !  
 
Pwofesè sispann fè sanblan  yap byen viv poutan yo pap touche anyen, leve kanpe pou pou defann dwa ak pou defann sa nou kwè. Pyès pwofesè pa dwe antre nan klas nan tout peyi a san ogmantasyon salè 60% plis ti kat debi a .Pap gen  mouvman mòde lage, pap gen pitye pandan pèsòn pa pran pitye pou anseyan, pap gen lekòl pyès kote si salè pwatrinè sa a kenbe  paske se pa polisye yo sèlman ki bezwen ajisteman, to enflasyon rive sou tout moun.

Ane fiskal sa ap fini an septanm, leta dwe soti yon nouvo bidjè pou nouvo egzèsis la pandan l ap pran an konsiderasyon revandikasyon pwofesè yo. San ajisteman sa, tout paran, kenbe timoun yo lakay yo, pòt tout lekòl ap fèmen. Fwa sa anseyan pap moli,  pap gen kanpe nan wout,  pap gen fo pwomès, tout tan pa gen ajisteman ak salè de baz 75 000 goud la.

N.B Ane fiskal sa a pral fini an septanm si anseyan pa lite pou yo pran ka yo nan nouvo bidjè kap antre an aplikasyon an Oktob ,si anseyan rete nan kwaze bra ebyen gouvènman sa a ap fini yo pap jwenn anyen se wòch yo pral manje.Se depi kounyea pou anseyan komanse revòlte nan tout peyi a 

Anseyan Manche ponyèt nou pou nou di non ak Enjistis sosyal paske se pa nan pak zannimo otorite yo te fòme men se anseyan ki te fòme.
Yo pa bay libète se pran yo pran libète!

Pa gade estati chak moun genyen paske esklav yo pat teni kont de esklav talan, esklav domestik,esklav jaden men yo te fè inyon pou yo defann enterè komen an ki se libète. Mete ti enterè mesken sou kote operasyon pote boure.
Si polisye yo pat entelijan yo pa tap jwenn anyen fok anseyan entelijan tou.

Bon konba nan tout peyi a