Thursday, July 19, 2018

LA VERITE SOU ZAFE JOVENEL AK SEKTE PRIVE A

Pa gen kache lonbrit voye Ròch ankò.
 
jodia m pral esplike nou pep ayisyen tout la verite zafe Jovenel ak ti klik moun ki kenbe peyi a an pasan pa palmate yo , boujwa yo, milat yo , ak siryen yo.

 Men tout verite sou dosye Jovenel Moïse Lafontan an avek ti klik moun yap rele boujwa nan peyi isit an Haiti. Mezanmi vin tande pataje'l pou tout peyi a kapab rive jwenn message saa. Lè nou fin tandel na dim èske Jovenel Moïse gen rezonl ou pa. Tout paròl anpil sa a nou tande la a. Ki fè peyi a manke kraze a se pou sa. Se 4 kontra prezidan privert te siyen avek boujwa isit nan peyi dayiti ki koute dè millions pou rive milliards Dola ameriken. Aprè évaluation kontra sa a yo. Pliske pa gen kob nan leta anko tout kob gaspiye. Prezidan Jovenel Moïse di non kontra sa a yo koute trop kob epi li koupe tou lè 4 kontra yo . Men nan kisa prezidan Jovenel Moïse ye avek boujwa isit. Prezidan Jovenel Moïse vle fini avek sak rele koripsyon isit an Haiti. Paske prezidan an di pèp la nan yon mizè enkonparab pou y'ap sousel konsa. Prezidan an di Abraham di 7 ase fok sa sispann. Pou peyi dayiti kapab rale yon souf. Akoz de sa  konnya prezidan vin an fas sektè prive ayisyen an. Mwen konnen gen anpil moun ki ta renmen konnen ki 4 kontra ki te enpòtan konsa a pou sektè boujwa isit an Haiti. Tande video a epi pataje'l. Podyab pèp la. Pèp la Pa menm konn anyen epi yap rele fok Jovenel Moïse ale. Si lale si pou nou li pap bon men l'ap bon pou ti klik moun sa a yo ki pran peyi a an notaj ki pa janm vlel anvanse. Pèp ayisyen pa okipe okenn moun k'ap vin mete nou deyò poun rele aba prezidan Jovenel Moïse. ni tout pa apiye Jovenel Moise kap bay palmante yo gro avantaj. Paske prezidan Jovenel Moïse di li vle  ede li vle ede nou men pep la men nou poko we sa toutbon. 
se pou nou kontinye sekoue peyi nan men tout vagabon ki we tet yo selman epi ki bliye pep la.

No comments: