Lopital Kominotè Georges Gauvin nan Grand-Goâve ap reprann fòs li
Depi kèk mwa, gen yon nouvo van chanjman k ap soufle nan Lopital Kominotè Georges Gauvin ki chita nan Grand-Goâve. Apre yon peryòd tansyon ak divizyon administratif ki te afekte bon fonksyònman enstitisyon an, lopital la sanble ap reprann estabilite li gras ak nouvo ekip direksyon ki mete an plas pou relanse sèvis yo.
Dapre enfòmasyon ki disponib, konfli ki te egziste ant ansyen direktè a ak ansyen administratè a te kreye anpil difikilte nan jesyon lopital la. Sitiyasyon sa a te gen konsekans sou anviwònman travay la ak sou kalite sèvis popilasyon an t ap resevwa. Fas ak reyalite sa a, Minis Sante Piblik la, Sinal Bertrand, te pran desizyon pou entèvni afin de retabli lòd ak efikasite nan enstitisyon an.
Nan kad mezi sa yo, nouvo responsab yo te nonmen pou dirije lopital la. Nouvo direktè a ansanm ak nouvo administratè a ap travay kole kole pou remobilize pèsonèl la, amelyore jesyon an, epi retabli konfyans nan mitan anplwaye yo ak popilasyon an.
Anplis chanjman nan tèt administrasyon an, plizyè lòt pòs kle te sibi reorganizasyon. Nouvo ajan administratif ak lòt anplwaye te entegre oswa ranplase pou pèmèt lopital la fonksyone pi byen. Objektif prensipal la se mete enterè malad yo an premye epi garanti yon sèvis ki pi efikas ak plis pwofesyonèl.
Jodi a, anpil sitwayen ki soti nan Grand-Goâve, Léogâne, Jakmèl ak plizyè lòt lokalite kontinye jwenn swen nan Lopital Kominotè Georges Gauvin. Lopital la rete youn nan estrikti sante ki pi enpòtan nan rejyon an, paske li sèvi yon gwo kantite moun ki bezwen konsiltasyon, swen ijans, swivi medikal ak lòt sèvis esansyèl.
Plizyè obsèvatè estime ke amelyorasyon ki fèt yo deja kòmanse bay rezilta pozitif. Klima travay la ap vin pi kalm, sèvis yo ap òganize pi byen, epi pasyan yo ap jwenn yon pi bon akèy. Malgre anpil defi sistèm sante ayisyen an ap fè fas, efò k ap fèt nan Lopital Kominotè Georges Gauvin montre ke lè gen bon jan lidèchip ak volonte pou travay ansanm, yon enstitisyon kapab reprann chemen pwogrè li.
Popilasyon Grand-Goâve a espere mouvman sa a ap kontinye pou pèmèt lopital la vin pi solid toujou epi kontinye jwe wòl enpòtan li kòm yon sant referans pou swen sante nan rejyon an.
TOP NOUVEL LAKAY : Visite Vil Grand Goave / Lopital Kominotè Georges Gauvin
No comments:
Post a Comment