*Edito ouvri jew GKale:*
*Ayiti Kriz* : Plan A: si moun ki genyen konviksyon yo pa kanpe men sak ki pral pase , nou vle ouvri jew sou sa kap pase ayiti a. Sa a se yon afè nouvel ordre mondyal kap jwe la an ayiti Jovenel Moïse trò piti anpil devan sityasyon sa, li patap kapab kenbe tout tan sa se paske se enterè nouvel ordre mondyal lap ezekite ki fè li la toujou. Se tout kote nan mond lan nouvel òd mondyal sa pral chita, yo pral atake tout denye gouvènman ki poko antre nan projè nouvèl òd mondyal la pandan ane 2021 an paske se ane 2021 an pou yo komanse aplike plan sa. Gade sa kap pase libi,bimani, w va konprann , tandis ke sa kap pase ayiti a pi grav toujou yo Pa menm vle pale de li nan "Organisation internationale" yo paske se plan yo ke jovenel Moïse ap mete an aplikasyon. Yo beswen anpil idio je bouche ki nan drog , nan koripsyon , kidnaping , prêt pou touye moun pou rete nan tet peyi yo. Se fenwa ki kouvri lemond "ange du mal est sur le monde".De tronpe nou ke jovenel prale konsa konsa. Genyen plisye rezon ki prouve sa men yo:
1) *Kat dermalog la*( Almay) : li genyen yon puce elektronik ladann ki se yon tès pou tout moun ka sou kontrol yo , aprè yon titan anko se sou moun yo pral metel kat la sou fòm yon puce sou moun men m bagay tou pou paspò yo fèt vini avèl la se menm bagay la. Yo pral pran tout done w yo ( informations) mete l nan puce sa pou mete l anba pow pou ka fonksyone nan mond lan lib. Pou sekirite mond diktatè mondyal kap vini an.
2) *Mete kouran nan peyi a*(USA): wi se yon vérité pou 5G wifi a kap vini an, Kouran ap trè nesesè pou enstale diktatè mondyal la ki genyen poul vini an lap itilize teknoloji a anpil. Kouran tout kote nan plan an pou ekonomi an.
3) *Denyé transisyon*: Pa bliye sa jovenel moise te di sou transisyon an " se li menm kap denye transisyon an" li genyen garanti sa déjà poul ka fè sa li vle pou aplike plan. Lap pral fè sa oken prezidan anvanl pat kapap oze fè menm nan Fè krim. Li pral aji ak tout fòs li poul enstale systèm Pa yo a lap pirèd ke yon diktatè. Moun ki pote plan an ayiti sim pa tronpem se Laurent Salvador Lamothe ak Apaid yo elayriye se yo ki pwen kontak pou kontrole ayiti. Se yo ki pral kontrol ayiti nan nouvel od mondyal dapre plan an yo genyen la an. Yo pral fè tout bagay pou genyen kontrol ayiti se yon sèl pouvwa kap rete tout lot pouvwa yo ap kraze nèt, yo pral refè yo nan fason Pa yo pou yo ka kontrole tout bagay e tout moun.
4) *ANI*:( Chine) agence nasyonal entèlijans , manman pitit mare ren nou pral konnen anpil zak kriminel nan peyi sa. Jis pou genyen kontrol moun anpil moun pral disparet plis ke epok Duvalier a. Kidnaping nan poko prêt pou rete se plan pou enstale laperè nan lespri tout moun, yo pral kree yon sipèman nan lespri nou pou fè nou pè. Tout pep la pral tankou zonbi. Pap genyen opozisyon ANI pral genyen kontrol tout bagay ak anpil tecknoloji yo pral mete an plas. Yo pral redwi pep la restavek nèt , moun pral pè moun menm Jan nan epok AZI Hitler a. Depi ou nan opzisyon w dwe mouri. Legliz ki renmen verite a pral kanpe anfas yo se konsa pesekisyon moun legliz e alye pral komanse mond lan pral sekoue, genyen anpil enfomasyon ki pral Kache nan entènasyonal la, nan fè krim kont limanite , yo pap janm montre enfomasyon kote krim yo ap fè. Yo pral apuyé anpil peyi kap fè krim pou plan yo ka enstale.
5) *Edikasyon pèpè* (kanada): se fè ansot pou Pa genyen yon edikasyon solid de kalite , pou se FO papye ki alamod, donk pou nou ka genyen yon paket moun nil. Tankou doktè, edikatè, avoka,polisye, agwonom, sous hommes , elatriye
6) *Richès nou yo* : yo bezwen pran lò nou yo , petrol nou yo , richès nou yo , pou jwenn yo fòk nou nan povrete extrem pou yo ka pran yo san fos nan mete moun nil , moun san entelijans sou pouvwa a an ayiti. Gade eleksyon Mm manigat e martely yo nan konprann. Se moun sot yo bezwen pou mete sou pouvwa a.
7) *Eleksyon an ap fet* yo bezwen moun pa yo ka gen kontrol tout bagay , richès nou sitou pou sa fet fok se moun paw yo ki sou pouvwa pou lwa pou volo richès nou yo. Se fè pou yo fè eleksyon an gro pontet ak laperèz nan chak kè pou anpil pa vote konsa pou yo ka bay rezilta yo.
Sel yon atoufè ka asepte plan sa konsa wi sevré si w Pa genyen gro dosye sou do w ou pap ka travay nan mete plan sa an plas , fòk nou di w sa depi ou rantre nan plan sa ou pap kapap soti. Raplew Pawol joseph joutre la , Wap antre ak lespri paw epi wap soti ak lespri Pa yo se lanmo ou lavi. Sel moun ki genyen mon vols ton kap kapap résiste nan moman sa.
*Edito: G k kale*/ O.L