NOUVELLE DERNIÈRE HEURE
Enkilpe Jovenel Moise sot pran yon arète pou mete “kontra kouran” yo nan ribrik “sekirite nasyonal”. Se yon fason pou li pa oblije fè okenn apèl d’Òf epi pou li komanse bay kontra.
•Nan arète a Ki soti 12 fevriye 2020, Jovenel Moise di se Ekzekitif la ki gen dwa fè kontra kouran san apel d’Òf, men tout kalite lòt kontra. Arète a di tou, depi jovenel Moise ta detèmine ke nenpòt ki bagay bon pou peyi a, se Sekirite Nasyonal pou li ye.
•Sèl sa li bezwen se fè on konsey minis nan palè, epi yo siyen pou di se sekirite nasyonal- konsa Okenn enstitisyon pa gen dwa kontrarye l.
•Konklizyon: Li ale kont konstitisyon an, li ale kont wòl kou de kont la, e Li mete tèt li kòm chef Ezekitif, chef législatif (se li k ap chanje lwa), ak kontwòl jidisyè a kòm se Li ki nome jij yo. Pa bliye Li te siyen pou 50 jij li te di te kowonpi!!!
•Tanpri al gade dekrè Jovenel ak Lapen fenk pran an. Se bagay ki pou baw anvi vomi, ou byen flank yo on kalòt tèlman wap santi Jovenel Moise pa respekte okènn sitwayen. Se li ki pi entelijan epi malgre kote li menen nou la a, men l’ap kontinye bade figi nou!!! Wè Papa!
No comments:
Post a Comment