Saturday, February 8, 2020

teknik enpotan kote ki genyen ensekirite

NOUVELLE DERNIÈRE HEURE

Men kèk teknik ki enpòtan pou moun konnen, lè w nan yon peyi kote bandi  alèz pou atake moun pezib san pwoblèm.

1-Pa janm #distrè nan telefòn lè wap kondwi;
2- Toujou verifye retwovizè w chak 7 segond depiw nan blokis;
3- Pa kite #moto ki gen 2 ak 3 moun double w nenpot jan.
4- Varye ak dekoupe #wout tout tanw kapab. Lèw soti ak lè wap tounen lakay ou.
5- Bay machinn ki devan w lan yon #distans ki pou pèmèt ou soti tèt ou sizoka.
6- Toujou mete nan tèt ou, se sèl ou menm ki ka #defann tèt ou.
7- #Asire w rantre lakay ou lib, avan pran direksyon baryè a.
8- Toujou asire w tout pot ou #lock.                                          
9- Pa monte machin epi pou w nan #telefon si pot ou pa byen fèmen.                             
10- Pa bese vit machin ou pou pale ak ankenn moun ou pa #konnen  nan lari a.
11- pa kite machin ou pou al ou vè baryè pou rantre. Toujou fè you ouvri yo pou ou pandan kew pral rantre  e gade si pa gen moto ak 2 moun kap vini nan direksionw pandan kew pral rantre a!
12- depi ou wè ou suspèk bagay dwòl, klaksonnen anpil pou atire atansyon moun.

Atansyon pa kapon. Se mèt kò, ki veye kò.

Pataje ak zanmi nou. Veye priye...

No comments: