Thursday, October 24, 2019

Jovenel Moise sou Blòf kisa ki dèyè mezi pou anile franchiz yo

NOUVELLE DERNIÈRE HEURE

Blòf ki dèyè mezi pou anile franchiz yo:

Gouvènman an presize ke l ap anile tout franchiz SOF sa ki fèt selon lalwa, alòs ke yo konnen byen ke tout franchiz ki bay yo pase pwosedi a jan la lwa mande l la. Se yon fòm kontra ant leta ak enstitisyon an.

Konpayi prive ki genyen franchiz yo siyen yon konvansyon ak leta pou sa. Leta ba l avantaj yo ak kondisyon ke pwojè a ap pote yon valè ajoute nan ekonomi peyi a, sof ke nan 99% ka, konpayi yo pa rive respekte sa. Ekzanp: An 2013, AGRITRANS ak yon pwojè ki rele Nourribio benefisye nan men leta 1000ha tè + franchiz + zero taks. An retou pwojè a te dwe kreye 13,000 travay (dirèk, endirèk); ekspòte 70% pwodiksyon li; distribiye 20% benefis li bay ti plantè yo. Mande prezidan an kont sou pwojè sa....

P.S. Gade konbyen kòb franchiz (legal) leta konsede ane fiskal ki sot pase la. Plis pase 19 milya pyas.

Kesyon franchiz la (ak sal vin kreye kòm defayans) se yon pwoblèm reyèl ke leta dwe abòde, men li antre nan kad yon politik piblik. Kidonk rezoud li mande yon plan. Sa Prezidan an ak ekip li a ap fè la pa ni plis ni mwens ke yon estrateji politik pou manipile opinyon piblik la.





No comments: