NOUVELLE DERNIÈRE HEURE
ONA se yon group gang se yon krim oganize pa léta ayisyen pou volè kob ti malere timalerez kap bay san YO nan faktori nan sekte privé tandi ke YO pa menm ka prete kob nan ONA. Sa se krim ke tout ayisyen ta dwe révolte kont systèm vol oganize sa pa LETA ayisyen pou bay gwo zotobre YO gwo avantaj pou bay YO gwo som lajan pou gaspiye epi se si yo vle peye ya peye PASKE pesonn pap ka fè yo peye PASKE se YO menm ki kontrôle systèm JISTIS peyi à. Moun sa YO mechan timalere ak timalerez pa gen DWA pran sant lajan sa à tandiske boujwa Senatè ak depite dwet long prête pou YO e menm pou pitit YO ak madam YO gwo som lajan tankou 50 milyon pou pipiti , 700 milyon goud e plis gwo som anko sa fet pou chak gouvènman ki pase yo e chak tizanmi ak gwo zotobre gouvènman yo devalize ONA. Sou lavalas YO devalize ONA, sou Préval ki se papa dezas kriminel sa nan ONA se kraze, sou gouvènman transisyon YO se kraze YO KRAZE l net, sou Martelly se papale ,sou JOVENEL YO fini ak ti res la ki rete ONA a. Se sak fè YO dwe fenmen ONA pou refel. Se souse LAP souse ti malere YO kap travay. Men rezon an ki fè Se souse Lap timalere se paske Timalere ki resi jwen prè se ak 16 à 20 pou san YO Peye sou lajan sa YO rive prête a tandiske boujwa ak senatè dépité se ak 1 à 2 pou san YO Peye sou lajan YO prête à. Sa se YO gwo krim ke systèm korupsyon mete sou pye TOUYE sa ki pi feb YO.
Vérité vérité

No comments:
Post a Comment