NOUVELLE DERNIÈRE HEURE
Militè etranje yo!
Jodi a nou nan yon kontèks kote anpil aktè, jounalis ap poze kesyon sou ta sanble - yon inisyativ ke Palè nasyonal ta pran pou fè apèl ak yon sosyete militè prive pou asire sekirite prezidan an.
Sachan ke se pa yon bagay nou twò abitye ann Ayiti, mwen te panse li nesesè pou m fè yon ti pwen sou modèl biznis sa e wè eske prezidan an gen dwa fè apèl ak yon konpayi etranje pou sekirite l.
Sosyete militè prive yo se yon kategori biznis ki nan anpil peyi sou latè kote antrepriz sa yo anboche de gwo espesyalis nan zafè zam ak lagè pou apiye oubyen jwe wòl lame kèk kote. Yo nan operasyon konba, konsèy estratejik, soutyen lojistik elatriye.
Jounen Jodi a, konpayi sa yo vin tounen aktè enpòtan nan anpil konfli ki gen nan mond lan. Ou jwenn yo an Afrik, an Amerik latin, an Azi ak plizyè lòt kote.
An jeneral se ansyen militè, moun ki te pi briyan nan pwomosyon yo ke konpayi sa yo rekrite. Fran tirè. Yo touche pi chè lontan ke solda òdinè.
Plizyè espesyalis revele ke nan Batay an Irak la, te gen anviwon jiska 60 sosyete sa yo ki te anplwaye plis pase 20,000 moun ki tap akonpaye lame amerikèn.
Menm jan gen nan biznis sa yo kap ki se gwo miltinasyonal - nan sans ki nan anpil peyi e ki chaje anplwaye - se konsa tou chaje PME ladan yo, anpil start-up kap tante envesti mache sa a paske li “juteux”, daprè sa anpil moun di.
An Irak pa ekzanp, kontra Pentagone te bay konpayi Kellogg, Brown & Root te evalye a pa mwens ke 13 milya dola. Ou ka konprann ke se pa ti lajan.
Piga w panse ke modèl konpayi sa yo pa fe je sou Ayiti. Nou te di nan kòmansman an, yo tout kote. Si m pa twonpe m premye eksperyans yo ak Ayiti se te sou prezidan Jean Bertrand Aristide. Yo te asire sekirite l nan 2e manda l la, sitou apati peryòd gwo mobilizasyon tap fèt pou jete l sou pouvwa a. Yo pa sèlman enterese a bay prezidan sekirite. Pou yon peyi tankou Ayiti ki pa gen lame, modèl konpayi sa yo chaje òf pou nou. Tankou siveye fwontyè nou pa ekzanp.
Si gen yon bagay ki sèten, konpayi sa yo pa travay pou tikòb. Tou depan de konpayi an, militè ki vini yo konn touche pou piti ant 1,000 a 1,500 dola pa jou.
Konnya a, Ann eseye reponn kesyon : eske prezidan an ka pran yon konpayi etranje pou ba l sekirite ? Repons lan se wi. Sitou ke nou pa gen lame nan peyi a. Anplis, si prezidan an panse li bezwen plis sekirite, se nòmal ke l ranfòse l ak moun li panse ki ka garanti l sa - depi desizyon an pa an kontravansyon avèk lalwa. Dotanplis ke konpayi sa yo pa travay an kachèt. Yo toupatou nan mond lan.
Roudy Stanley Penn
Politològ
No comments:
Post a Comment